Plante Pyebwa

ANN PLANTE PYEBWA






  • English version

  • Version Française





  • BWAYITI se non youn ONG ki parèt sou teren an nan mwa Septanm 2000 lan. Fondatè li yo vle mete an aplikasyon youn pwogram Plante Pyebwa pou ede kominote yo konbat gwo pwoblèm debwazman k’ap fin ravaje peyi nou a. Pwogram sa a gen pou li repati nan tout peyi a.

    Men kèk nan objektif òganizasyon an genyen :

    1- Elimine erozyon;

    2- Diminye polisyon;

    3- Voye monte tout pwagram k’ap travay pou amelyore anviwonman an.



    Depi plis pase 50 lane Ayisyen ap koupe pyebwa yo pou tout kalite sèvis (fè chabon, bati kay, fè mèb, elatriye) san yo pa janm ranplase yo. Sa ki lakòz jounen jodi-a tout tèt mòn nou yo rete blanch ap gade nou. Se poutèt sa kou yon ti gout lapli tonbe nou pran nan pèlen, anwo pa monte- anba pa desann, paske tout tè, roch, fatra degrengole desann vin bouche twou rego, bloke tout wout. Epitou, agrave pwoblèm lasante a nan peyi a.



    Nou se youn gwoup benevòl, nou bezwen konkou tout moun pou nou ka vanse nan travay sa a. Pa neglije fè nou konnen kisa ou panse : kòmantè, pwopozisyon.

    Piti kou li ye, nou di ou mèsi pou tout kontribisyon ou pote.




    POU FÈ YON DON KLIKE SOU YOUN NAN BOUTON SA YO :
    Pay Now with e-gold...





  • Tounen













  • 2004-06-22 00:15:30