Menmjan ak lè w'ap mache toupatou ak yon walkman, yon Sèvè Pòtatif pèmèt ou pote fichye, mesaj elektwonik, MP3, elatriye, nenpòt kote ou prale. Ou pap gen pou-w pote ni machin ki gen gwosè yon ti pòt-dokiman, ni ou pap gen pou trenen okenn bann kab, fil, osnon plòg dèyè ou. Sèvè Pòtatif rann li fasil pou-w pote ak ou nenpòt sa-w vle ki soti sou òdinatè-w la.
Sèvè Pòtatif la gen gwosè yon pil kat. Li genyen sou li yon lojisyèl ki rapid anpil. Lojisyèl sa a itilize yon kalite memwa ki pran fòm Memwa-Medya ki enstale sou yon ti disk-di osnon sou yon flashcard. Li genyen tou yon pilòt bluetooth, epi li sèvi ak pil lithium yo pou li mache. Sèvè a pa genyen sou li ni Inite pou Antre ni Inite pou Sòti. Li itilize ekipman tout lòt machin pou li fè travay li gen pou-l fè yo. Pou li fonksyone kòmsadwa, li senpman bezwen 600 Kbps. Lè w'ap gade Foto sou li w'ap wè yo parèt klè kou dlo kokoye.
Menmsi Sèvè Pòtatif la gen gwosè yon PDA, li fonksyone menmjan ak yon òdinatè pòtatif.
Sèvè Pòtatif la poko disponib pou tout moun, se sèlman nan laboratwa ak nan kèk inivèsite w'ap jwenn li. Men kanmenm ou ka toujou prepare-w pou ou poze lapat sou li lè li sòti sou mache a nan mwa k'ap vini yo.
2004-06-13 01:41:33
Nan mwa Oktòb ki sot pase la a, mesye Japonè yo, apre yo fin fè yon bèl eksperyans lakay yo, deside pote bay moun k'ap viv nan amerikdinò yo yon Tekno-Twalèt. Twalèt la rele " Neorest ". Li se yon sanso-aktive. Kidonk, li fonksyone lè li santi gen yon moun kanpe devan li.
Lè ou kanpe devan twalèt sa a pou apeprè 3 segond konsa, kouvèti li leve otomatikman. Bouch li gonfle epi li chofe tou.
Si ou kanpe pi lontan devan twalèt la, w'ap wè bouch la ap leve tou. (Delivrans pou medàm yo ki tou tan nan kont ak misye yo ki pa vle replase bouch twalèt la lè yo fin sèvi ak li a.)
Lè moun nan fin fè zafè li, epi li leve sou twalèt la. Kouvèti a desann poukont li epi dlo nan bòl la aktive, mennen tout bagay ale. Nan menm moman an, Dezodorizan Katalitik la aktive pou anbonmen tout move lodè ki ozalantou.
Sistèm " cyclone flush engine " la twalèt sa a itilize a pou voye tout bagay ale a, pa senpman voye tout bagay ale, men li netwaye bòl twalèt la tou. (Kidonk, yon lòt fwa ankò, pap gen goumen ant mesye-dam yo pou yo konnen kiyès nan yo ki dwe lave twalèt la.)
Twalèt " Neorest " la itilize 1.2 galon dlo (4.5 lit) pou voye likid ale; epi 1.6 galon dlo (6.1 lit) pou voye solid ale. Kidonk, ou fè bon jan ekonomi dlo.
Twalèt sa a pa fèt pou nenpòt ki moun. Pou posede li, fòk ou ka jwenn $ 5,865.00 nan pòch ou. Men pa fatige kò-w zanmi, paske ou konnen deja menmjan ak tout lòt pwodui teknoloji a ba nou yo, talèkonsa pri a ap desann nan mezi kote tout moun ap rive posede li.
2003-11-27 11:34:33
***